Felisitasyon!
Nou kontan anpil pou nou fè w konnen yo chwazi ou kòm yon Scholar nan Breakthrough Miami!
Apati sezon ete sa a epi jiska fin 8tyèm ane, u pral patisipe nan pwogramasyon an nan lokal ki endike nan imèl ou a, kòm youn nan 35kyèm klas nouvo Scholar nou yo. Apre ou fini 8tyèm ane, ou pral antre nan pwogram lekòl segondè nou an, BTU. Byenveni nan Vilaj Breakthrough Miami, sa a se premye chapit nan istwa Breakthrough ou.
Vwayaj ou avèk Breakthrough ap konsantre w epi enspire w pou reyalize plis pase sa ou te janm imajine. Ou pral travay di, grandi akademikman ak pèsonèlman, epi dekouvri fòs ak talan ou petèt poko menm konnen ou genyen. Ou se gwo espwa pou fanmi w, zanmi w, ak kominote ou, e nou santi nou onore pou nou mache bò kote w.
Nan Breakthrough Miami, nou angaje n totalman nan siksè w. Konsidere nou kòm ajan opòtinite ou , nou la pou motive w, gide w, epi sipòte w pandan w ap:
- Ranfòse konpetans akademik ou
- Eksplore pasyon ak rèv ou
- Devlope konfyans nan tèt ou ak kapasite lidèchip ou
- Devlope amitye ki dire tout lavi
Atravè tan ou nan pwogram nou an, w ap resevwa konseye, mentò devwe, ak sipò kontinyèl, nou pral ede w prepare pou reyalize objektif ou yo. Kit ou reve vin doktè, antreprenè, atis, enjenyè, pwofesè, astwonòt, oswa menm Prezidan Etazini — ou se achitèk avni ou, epi nou kwè nan kapasite ou pou konstwi li.
Sezon ete 2026 la make kòmansman vwayaj 8 ane ou kòm yon Scholar nan Breakthrough Miami. Nan semèn kap vini yo, nou pral pataje enfòmasyon enpòtan sou enskripsyon ak Oryantasyon Fanmi. Pou kounye a, tanpri make kalandriye ou ak dat pou Summer Institute (pwogram ete nou an) ak pwogram pandan ane lekòl la.
Akseptasyon ou a gen ladan l 8 ane sipò konplè nan pwogram nan san okenn frè pou fanmi ou. Breakthrough Miami kouvri tout depans ki asosye ak patisipasyon w . Sa ki reprezante yon envestisman plis pase $40,000 nan avni chak Scholar.
Felisitasyon ankò! Nou pa ka tann pou nou selebre kòmansman vwayaj ou kòm Scholar epi pou nou akeyi w ofisyèlman nan fanmi Breakthrough Miami.